Vètyè:
Yon Leson sou Vizyon, Kouraj, ak Inisyativ pou Chanjman

Nan tout listwa limanite, gen evènman ki make yon chanjman enpòtan. Batay Vètyè, ki fèt 18 novanm 1803, se pa sèlman yon viktwa militè pou Ayiti, men yon senbòl kouraj, vizyon, ak sans inisyativ pou tout moun k ap batay pou libète ak diyite. Sa yo te reyalize nan moman sa a se yon rapèl chanjman pa janm rive san yon angajman pèsonèl ak yon aksyon kolektif byen kalkile.
Vizyon: Wè pi lwen pase obstak yo
Jean-Jacques Dessalines ak lòt lidè revolisyonè yo te wè pi lwen pase okipasyon fransè a. Yo te gen yon vizyon klè: yon peyi kote tout moun ka viv lib, san esklavaj. Vizyon sa a pa t fasil, men yo te konprann si yo pa t fè chwa sa a, esklavaj ak opresyon t ap kontinye pou jenerasyon k ap vini yo. Kòm moun k ap viv nan epòk modèn lan, nou ka poze tèt nou kesyon sa a:
Ki vizyon mwen genyen pou lavi mwen? Pou kominote mwen?
Kouraj: Fè fas ak difikilte yo
Solda ayisyen yo te konfwonte yon lame pi fò, pi byen ekipe, ak plis resous pase yo. Men yo te genyen, paske yo te gen kouraj pou defann sa yo kwè nan li. Kouraj pa vle di absans la pè; li vle di aji malgre pè a. Nan lavi nou, kouraj se kanpe pou rèv nou, menm lè lòt moun panse yo enposib. Nou dwe sonje chak obstak se yon opòtinite pou grandi.
Sans inisyativ: Chanje mond lan ak aksyon nou yo
Revolisyonè yo pa t rete tann èd nan men okenn lòt peyi. Yo te pran inisyativ pou prepare tèt yo, mobilize fòs yo, epi atake nan moman pi apwopriye a. Nan mond jodi a, nou dwe aprann nan men yo. Si nou vle wè yon chanjman, swa nan lavi pèsonèl nou oswa nan sosyete a,nou dwe pran premye etap la.
Chanjman kòmanse avèk yon aksyon senp.
Yon Apèl pou Aksyon: Tounen yon Aktè Chanjman
Nou chak gen kapasite pou vin aktè pwòp chanjman nou. Se pa nesesèman gwo jès ki pral fè diferans lan; pafwa se nan ti desizyon chak jou yo chanjman reyèl la pran rasin. Si ou vle wè yon kominote pi ini, kòmanse pa pataje vizyon ou ak lòt moun. Si ou vle wè yon avni pi briyan pou oumenm ak pitit ou yo, fè efò pou prepare yo dèske jodi a. Batay Vètyè raple nou chanjman pa janm fasil, men li posib.
Li mande vizyon pou wè pi lwen pase limit ki devan nou yo, kouraj pou fè fas ak difikilte, ak sans inisyativ pou pran aksyon. Menmsi nou pa nan yon chan batay literal jodi a, batay nou yo se kont esklavaj mantal, limitasyon pèsonèl, ak enjistis sosyal.
Fyète peyi nou, fyète pwòp tèt pa nou pa dwe chita nan pase nou sèlman.
Se pou nou konstui li jodi a, pou yon demen miyò. Kreye chanjman ou swete a, jodi a ou ka kòmanse ak
Hult Prize CTPEA. Menmsi w pata gen ekip, n ap fasilite w jwenn moun ki pataje menm valè ak ou. Enskri kounya sou lyen nou an Inscription .